AMI-KAL GROUP

Viv ak reviv espò
an Ayiti!

Kisa Trezò Lokal ye?

Istorik

AMI-KAL GROUP te pran nesans Ti-Gwav, nan yon lokalite ki rele Lakou Degan nan lane 2007-2008.Kreyasyon gwoup sa a te rive sou yon tèren tè, kote yo te konn òganize bèl chanpyona nan katye a. Match te konn jwe nan aprèmidi ak sware, nan objektif pou kreye anbyans pou jèn ki pratike volebòl yo. Epòk sa, ekip chanpyon an te konn genyen yon ti prim tou piti pou selebre viktwa li.Apre tranbleman de tè 12 janvye 2010 la, reyalite yo te vin chanje, AMI-KAL GROUP vini avèk yon nouvo non pou tout aktivite l'ap òganize yo. Se konsa li kreye Trezò Lokal, nan lide pou valorize jwè lokal yo plis sou teritwa a.

An 2015, AMI-KAL GROUP te òganize yon evènman nan lise vil Ti-Gwav la, e se te premye fwa aktivite ki pa te fèt sou teren tè a. An 2016, gwoup la te rive jwenn yon patenarya avèk yon envestisè apre yon gwo evènman yo te òganize. Se konsa premye edisyon chanpyona Trezò Lokal la ta pral lanse nan ane apre a. Pou premye edisyon sa, sèl ekip Ti-Gwav ak Miragwann te patisipe. An 2018, AMI-KAL GROUP te envite ekip lòt pwovens tankou Miragwann ak Ench pou rejwenn ekip Ti-Gwav yo.

An 2019, pi gwo aktivite AMI-KAL GROUP ta pral fèt nan fòm yon gwo tounwa nasyonal, kote Pòtoprens, Ench, Ti-Rivyè, Okay, Miragwann, Ti-Gwav ak Wanament ta pral patisipe. Se vil Ti-Gwav ak Okay ki ta pral akeyi tounwa sa.Nou se yon ti gwoup jèn, men nou wè gran, nou wè lwen! Objektif nou se rive valorize espòtif ayisyen yo, konbat pou fè espò an Ayiti rantab.
Misyon nou se amelyore kalite imaj volebòl la ak jwè yo pou ensite plis moun vin gade volebòl ak lòt espò yo. Se kreye yon espas pou devlope nivo jwèt la nan Karayib la.

Kwen Magazin

Mwen se yon "Trezò Lokal", plis pase yon slogan!

Sa fè kèk lane kote n’ap gade kòman peyi a fin depafini. Sa rive konsa paske nou rate chans pou tabli yon demokrasi ekitab, stab ak transparan. Anpil estrikti pa rive kenbe konpa a pou yo kontinye bay popilasyon an bon jan sèvis. Ledikasyon ak Enstriksyon defayan. Mòdèl yo ra...

Patisipe avèk nou nan challenge lan

Ede nou pataje mesaj la.
Ede nou fè lajenès konn valè ak potansyèl yo ka pèmèt yo briye.
Patisipe nan challenge "Mwen se yon trezò lokal" la.
Etap yo senp...

Aktyalite: Chanpyona Volebòl U-15, "Jenerasyon Pa m' "

"Jenerasyon pa m" se non Chanpyona Volebòl kategori U15 Ami-kal group/Trezò Lokal ak Lig Volebòl Tigwav la te lanse nan dat 4 desanm 2021 ki sot pase a nan Lycée Faustin Soulouque...

Coopération entre le groupe Amikal et la fondation Mamosa-Cunina

Le mardi 21 décembre, père Jan, directeur de la fondation mamosa-Cunina s’est réuni avec les dirigeants du groupe « Amikal – Trezò lokal ». Lors de cette importante réunion,...

Une vie de fitness: un sacerdoce!

Un matin, en arrivant à la salle de sport, alors que je laissais le temps à “ma potion magique” de faire effet pour commencer la séance, un jeune homme s’approcha de moi pour me dire...

Coin : Informe-toi ! / Enfòme w !

De nombreux programmes utilisés par athlètes et entraineurs de part le monde ont fait leurs preuves. Nous citons...

Tèt gwoup la

Trezò Lokal se yon gwoup jèn ki fèt pou jèn. Jèn kap mennen gwoup la deside bay tan yo ak talan yo pou ede lòt jèn parey yo pèse nan espò a epi jwenn opòtinite.

Pedro CEDME

Prezidan

Jonathan Adrien PAUL EMILE

Visprezidan

Emmanuel Louis JEAN

Responsab Finans

Irvens BENJAMIN

Kowodonatè Jeneral

Kontakte nou!

Kontakte AMI-KAL GROUP pa email pou w' ka rete enfòme sou tout denye pwodui ak denye aktivite ke nap lanse. Ou ka kontakte nou tou pou poze kesyon sou inisyativ nou yo oubyen si ou ta renmen bay soutyen w' ak sipò w' a gwoup la.

©Trezò Lokal. All rights reserved.

Mèsi!

Mèsi pou sipò ou ba nou. Avèk ou nap leve espò a piwo!

Mwen se yon "Trezò Lokal", plis pase yon slogan!

Sa fè kèk lane kote n’ap gade kòman peyi a fin depafini. Sa rive konsa paske nou rate chans pou tabli yon demokrasi ekitab, stab ak transparan. Anpil estrikti pa rive kenbe konpa a pou yo kontinye bay popilasyon an bon jan sèvis. Ledikasyon ak Enstriksyon defayan. Mòdèl yo ra. Valè yo pa transmèt.Tout kondisyon sa yo gen gwo enpak sou lajenès ayisyen an ak estim yo ka gen pou tèt yo. Anpil ladan yo pa konn ki valè ki kache anndan yo, e yo pa konnen kijan pou yo dekouvri yo non plis. Yon lajenès ki livre a li menm, ki grandi e k ap granmoun tankou yon pakèt pitimi san gadò paske Peyi Dayiti pa gen yon leta ki konsekan pou kenbe idantite Ayisyen an vivan nan kè chak Ayisyen.
Rezon sa yo fè Ami-kal Gwoup/Trezò Lokal vinn avèk lide slogan Mwen se yon trezò lokal.
Si n ap byen gade. Ti fraz sa plis pase yon slogan. Se yon filozofi, se yon ideyoloji, se yon mouvman.
Depi kreyasyon li, Ami-kal gwoup te toujou mete aksan sou espò ak enpòtans li genyen nan sosyete a. Menm lè majorite Aktivite Trezò Lokal yo te sitou nan Volebòl, kèk aktivite te gen ping pong ak karate e kounya, baskèt la kòmanse rantre nan kalandrite yo tou. Anpil atlèt manke ankadreman, anpil gwoupman espòtif pa jwenn mwayen ak opòtinite pou egzèse talan epitou ekspoze potansyèl yo. E Ami-kal gwoup te vle kreye espas pou sa fèt. Yon remak nou ka fè, Ayisyen gen aptitid ak potansyèl pou eklate nan espò. Se youn nan rezon kifè Ami-kal gwoup te kwè espò se Trezò Lokal e se sa ki fè li te bay tèt li misyon pou fè lajenès ak sila ki damou espò viv ak reviv espò an Ayiti yon fason ki inovan, ki kreyatif e ki amizan.
Nan menm lide pou mete espò an valè nan mwa oktòb ki sot pase a la a, Ami-kal gwoup/Trezò Lokal te lanse yon kanpay. Kanpay sa a, se pou fè chak jèn ayisyen konnen malgre tout difikilte,tout obstak lavi mete sou chimen yo, yo chak gen talan, yo chak gen potansyèl, yo chak gen trezò kache andedan yo.
Yo chak se TREZÒ LOKAL.
Mouvman sila a gen pou objektif rive fè jèn yo konprann yo kapab briye nan dòmèn ki enterese yo. Sot nan espò rive nan lasante. Soti nan konstriksyon rive nan fotografi. Sot nan plonbri rive nan atizana. Soti nan mekanik rive nan zafè otelri, elatriye. Premye bagay yo bezwen konnen, yo gen valè, yo gen enpòtans yo nan sosyete a, yo gen dekwa pou mete sou tab chanjman an.
Ou se yon espòtif? Ou se yon estetisyèn? Ou se yon manken ? Ou se yon etidyan ? Ou se yon pasyone desen ? Ou se yon pasyone mizik ? Ou renmen fè dekorasyon ? Ou renmen plonbri ? Ou renmen enfòmatik ? Kèlke swa sa ki pasyon w, pouswiv li !
Ou konn fè bijou ? Ou kon resikle fatra pou transfòme yo ? Ou renmen ansenye ? Ou renmen koud ? Kèlkeswa sa ki motive w chak jou a, pouswiv li !
Sa ki anndan w la, pa gen moun ki ka retire l. Pasyon ou genyen an, detèminasyon ou genyen an, rèv ou genyen an cheri l, nouri l epi AJI ! Ou gen plas ou nan sosyete a. Ou gen valè. Ou se yon mèvèy.
Ou se yon trezò lokal! Kwè sa !

Ramona Adrien

Aktyalite: Chanpyona Volebòl U-15, "Jenerasyon Pa m' "

"Jenerasyon pa m" se non Chanpyona Volebòl kategori U15 Ami-kal group/Trezò Lokal ak Lig Volebòl Tigwav la te lanse nan dat 4 desanm 2021 ki sot pase a nan Lycée Faustin Soulouque.
Nan pwogramasyon an te gen defile, prestasyon ak animasyon mizik, match epi distribisyon kado. Yon bèl aktivite ki te mete anpil kè kontan.
Malgre gran defile ki te prevwa a pat rive fèt, 5 ekip yo (Eclat 1 ak 2, Piranha, Phoenix 1 ak 2) te prezan e 3 match te rive jwe nan premye jounen an. Nan dezyèm jounen an te rive gen 7 match.
Graden yo te chaje paran ak timoun ki t ap pwofite anbyans lan. Gen sa ki t ap ankouraje frè yo, pitit yo, zanmi yo. Gen sa ki t ap pran plezi ak DJ a.
Irvens Benjamin, kowòdonatè jeneral Ami-kal group/Trezò Lokal fè konnen jounen lansman an raple l koman volebòl te ye lontan epitou ki valè plezi ki te manke nan Spò sa a. Li di tou, emosyon ki te degaje lè y ap tande yon Dj kap jwe anba anba epi bri piblik la ak jwè yo kap viv moman an, te fè l santi kòmansman chanpyona a te bèl.
Pou yon moun ki abitye al nan match, deskripsyon sila a parèt trè familye.
Nan moun ki te nan Staff la jou a n ap site : Irvens Benjamin pou komite Santral Ami-kal. Thenel Thebault ak Pascal Adam pou èd teknik. Pou kò Abit yo te gen Richardson Felissaint ,Robert D'Haïti ,Olson Lebrun ,Wilfrid Médea ak Denis Reginald.
Lig Volebòl Tigwav la te gen reprezantan tou ki te patisipe epi asiste jounen lansman sa a, se te Pierre Paul epi Allen Mackensie.
Wismy Fontin ak Serge Guy Chadic te asire pou foto ak videyo.
Ami-kal gwoup remèsye tout esponsò, tout ekip, tout abit, tou sipòtè epi tout staff ki te pèmèt jounen sa a reyalize.
Si lansman an te make tankou yon reyisit, toujou gen amelyorasyon ki kapab pote, e Trezò lokal pare pou l leve defi sa a.
Kontinye sipòte nou epi ret branche!

Ekip Kominikasyon

Coopération entre le groupe "Amikal-Trezò Lokal" et la fondation "Mamosa-Cunina"

Le mardi 21 décembre, père Jan, directeur de la fondation "Mamosa-Cunina" s’est réuni avec les dirigeants du groupe "Amikal-Trezò Lokal". Lors de cette importante réunion, ils sont convenus d’assurer une coopération étroite entre les deux institutions, constatant que leurs objectifs sont très similaires l’un à l’autre.Nous vous présentons la fondation "Mamosa-Cunina" qui jouit d’une reconnaissance officielle de l’État Haïtien. La fondation veut faire route avec une jeunesse sans avenir, abandonnée, victime d’un système aliénant d’éducation, souvent trompée, forcée de s’engager dans une lutte sans pardon pour trouver une meilleure place sur l’échelle sociale. Pour sortir de la situation de désespoir dans laquelle beaucoup de jeunes en Haïti se trouvent depuis leur naissance, il faut qu’ils aient accès à l’école afin de se procurer un diplôme qui leur permet de se présenter sur le marché de travail. La fondation s’engage à offrir à autant de jeunes que possible l’occasion d’aller à l’école, et veut également mettre à leur disposition des activités sportives et culturelles afin qu’ils puissent se divertir d’une façon saine et propice à leur santé morale et physique. Ensuite la fondation veut offrir des formations sur des sujets d’importance pour les jeunes, comme la sexualité, la prévention des maladies sexuellement transmissibles (le sida, la syphilis, etc.), la santé, la protection de l’environnement, etc.
Ainsi la fondation s'engage à entreprendre des activités en faveur de la jeunesse.
Ces activités se situent en 3 niveaux : 1. Accueil et accompagnement d’étudiants à MAMOSA. Voir : https://webmamosa.wordpress.com/.
2. Parrainages et projets de support à l’éducation avec l’aide de l’ONG Belge CUNINA. Voir : https://cunina.org/.
3. Jeunes et activités sportives avec BANZAI. Voir : https://iwebbanzai.org/.
De fait, nous remarquons qu’il n’y a en effet pas de différences majeures avec ce que le groupe "Amikal-Trezò Lokal" veut réaliser. La fondation veut toucher de nombreux jeunes à travers les activités sportives afin de leur offrir de l’encadrement dans leur recherche d’une vie plus digne. Elle fait maintenant face à un énorme défi pour achever la construction d’une salle de sport. Il s’agit de pouvoir procurer aux jeunes un espace adapté aux activités qu’ils souhaitent organiser. Un projet qui est aujourd’hui au point mort par manque de ressources financières.Les similitudes que nous remarquons entre les les objectifs du groupe "Amikal-Trezò Lokal" et celle de la fondation nous encouragent à envisager une collaboration. Nous voulons donc aboutir à un partenariat solide, afin que nous nous aidions mutuellement à organiser toutes sortes d’activités pour les jeunes, en particulier dans le domaine du sport. Nous espérons que le début de cette coopération pourra effectivement porter ses fruits au profit de la jeunesse haïtienne.

Père Jan Hoet

Une vie de fitness : un sacerdoce!

Un matin, en arrivant à la salle de sport, alors que je laissais le temps à “ma potion magique” de faire effet pour commencer la séance, un jeune homme s’approcha de moi pour me dire: “Cela fait 6 mois que je viens religieusement ici 5 jours par semaine, je travaille très dur à chaque séance, je n’arrive toujours pas à trouver les résultats escomptés.”
Je lui ai posé quelques questions concernant sa méthode de travail. Il m’affirma qu’il n’avait pas vraiment de méthode, il vient travailler et en fonction de son humeur et de sa motivation, il choisit un groupe de muscle à travailler. Il m’a aussi dit qu’il ne compait ni les répétitions, ni les séries ; qu’il travaillait jusqu’à épuisement puis s’en allait...
Je n’ai même plus pris la peine de le questionner sur sa nutrition et son temps de sommeil car j’ai vu où le bas blessait... J’ai aussi réalisé que l’histoire de ce jeune homme est celle de la plupart d’entre vous.
Généralités du fitness
Alors, parlons un peu des méthodes d’entraînement. Nous n’allons pas aborder le sujet de manière exhaustive, mais je vous proposerai des techniques qui vous permettront -si vous les alliez avec une nutrition adéquate et un temps de sommeil acceptable- d’avoir de résultats très intéressants.
Quelqu’un qui va à la salle de sport 4, 5 ou 6 jours par semaine doit travailler chaque muscle ou groupe musculaire de son corps deux fois. Si cette personne présente une faiblesse, elle doit consacrer plus de temps à son groupe musculaire faible. Par exemple, la personne peut travailler le groupe de muscle faible trois fois par semaine pendant un certain temps ensuite deux fois afin de lui laisser le temps de récupérer. A noter que le muscle a aussi besoin de repos pour se développer.
Les méthodes
Une technique intéressante pour développer un groupe musculaire est de le travailler le même jour que les membres inférieurs.
Il y a aussi ce que les professionnels en la matière appellent la périodisation. Elle se décompose en plusieurs phase dont les plus importantes sont :
-La phase d’hypertrophie musculaire
-La phase d’augmentation de la force
-La phase de puissance ou de spécification
-La phase de compétition pour les athlètes d’un niveau plus haut
-La phase de récupération
Il faut comprendre que pour arriver à trouver un bon résultat, le travail en salle ne doit pas être monotone car le muscle a besoin de variation pour progresser. D’où l’importance non seulement d’avoir un plan de travail (workout plan) mais aussi une modification de ce plan après un certain temps. La modification se fera alors en fonction de la phase dans laquelle on se trouve dans la périodisation.
Allier nutrition et exercices
Il ne suffit pas d’aller à la salle de sport et de s’entraîner au gré de son humeur si l’objectif est d’avoir plus de muscle. Il faut non seulement avoir un bon plan d’entraînement, mais aussi avoir un plan nutritionnel adapté à la phase ou au programme de musculation utilisé.
Une prochaine fois, je prendrai le temps de vous parler des méthodes nutritionnelles et de la manière de les appliquer. D’ici là je vous invite à faire plus de lecture, à regarder plus de vidéos sur la musculation. N’hésitez pas à nous demander conseils ou nous contacter pour vous guider.
Comme j’aime à le répéter: “J’ai mis les pieds dans ce jeu pour partir avec des souvenirs, non des rêves et des regrets.”

Dr. Patrice JEAN

Coin : Informe-toi ! / Enfòme w!

Certains « workout plan »
De nombreux programmes utilisés par athlètes et entraineurs de part le monde ont fait leurs preuves. Nous citons:
-Le GVT (German Volume Training) qui consiste à faire 10 séries de 10 répétitions, en utilisant un poids avec lequel on peut faire 10 répétition sans trop de facilité. Le temps de pause entre les séries doit être de 60 secondes exactement. Le but de ce programme est de gagner en volume musculaire
-Le programme 5*5. Il consiste à faire 5 séries de 5 répétitions avec un poids très lourd. Le temps de pause entre les séries peut varier de 3 à 5 minutes. Il faut lors de l’exécution de ce programme s’entraîner chaque 2 jours. Donc un jour de repos après chaque jour de musculation.-Le FST7. Le principe de base de son FST-7 (Fascia Stretch Training) est simplement de “terminer” chaque groupe musculaire par 7 séries de 8-12 répétitions d’un exercice d’isolation avec 30-45 secondes de repos entre les séries. L’idée sous-jacente est que la congestion importante provoquée par ses séries rapprochées va étirer la membrane fibreuse qui entoure le muscle (appelée fascia) et faciliter le développement musculaire.
En plus de ses 7 séries, des étirements sont réalisés avant, pendant et après la séance, toujours pour assouplir les fascias musculaires.
-Le DTP(Dramatic Transformation Principles).Ce système a transformé le physique de tant de personnes. Il renforce et définit le muscle. Il apporte un surplus de sang riche en nutriments au muscle que vous travaillez. Il consiste à faire 5 séries de 50, 40, 30, 20 et 10 répétitions, une fois terminé on reprend cinq autres séries de 10, 20, 30, 40 et 50 répétitions. Le temps de repos après chaque série est de 45 secondes environ. Il s’agit d’une méthode très intense d’entraînement. Elle peut-être utilisée pour tout le corps pendant 3 semaines, suivies de 2 semaines de repos complet. Elle peut être utilisée pour un ou deux groupes musculaires par semaine pendant plusieurs semaines.- Le Y3T qui ne sera pas détaillé, car il s’agit d’un programme pour les culturistes de compétition.

Dr. Patrice JEAN